JavaScript: Bay lavi ak entènèt!

JavaScript (JS) se yon langaj pwogramasyon esansyèl pou devlopman entènèt modèn. Li se yon langaj wo nivo. Li pèmèt ou ajoute entèaktivite ak dinamisite nan paj wèb, fè eksperyans itilizatè pi rich ak plis angaje. Dapre W3Techs (2022), 97.9% nan tout sit entènèt yo itilize JavaScript kòm yon lang pwogramasyon kote kliyan.

Istwa ak orijin:

Kreye an 1995 pa Brendan Eich nan Netscape, alorijin JavaScript te rele LiveScript. Objektif li se te fè paj wèb pi dinamik, ale pi lwen pase kontni estatik HTML. Lang lan byen vit te vin popilè epi li te vin tounen yon estanda entènèt, tout navigatè modèn yo te adopte. Ofisyèlman langaj la se ECMAScript men li rete ak non popilè li ki se JavaScript. (Javascript la se yon maketin kote yo pran daso sou Java ki se yon langaj pwogramasyon tou a lepòk ki te an vòg epi tap fè it.)

Karakteristik ak aplikasyon:

Avèk JavaScript ou kapab:

  • Ajoute entèaktivite: Kreye bouton pou klike, meni ki ka dewoule, animasyon ak jwèt.
  • Fè validasyon fòmilè: Tcheke si done itilizatè a antre yo valab anvan ou soumèt yo.
  • Manipile DOM: Aksè ak modifye eleman nan paj HTML la, tankou tèks, imaj ak estil.
  • Kreye aplikasyon entènèt konplèks: sit E-commerce, rezo sosyal ak zouti pou pwodiktivite.
  • Kominike ak sèvè: Fè demann epi resevwa done ki soti nan sèvè a pou mete ajou paj la yon fason dinamik.

Avantaj nan itilize JavaScript:

  • Li fasil pou aprann: sentaks JavaScript yo relativman senp ak entwitiv, sa fè li aksesib pou moun ki fèk ap kòmanse.
  • Li vèsatil: Ou ka itilize pou yon pakèt aplikasyon, soti nan sit entènèt senp rive nan jwèt konplèks.
  • Li miltiplatfòm: Li fonksyone sou tout navigatè modèn yo, kèlkeswa sistèm operasyonèl la.
  • Li genyon kominote aktif: Yon gwo kominote devlopè ki fè titoryèl, bibliyotèk ak frameworks.

Kòmanse ak JavaScript:

Si ou vle aprann JavaScript, gen anpil resous ki disponib sou entènèt, tankou titoryèl, kou, ak liv. Ou ka sèvi ak zouti sou entènèt tou pou ekri ak teste kòd ou yo (https://codepen.io/).

Resous pou aprann JavaScript:

Avèk JavaScript, ou ka bay lavi ak imajinasyon ou epi kreye paj entènèt entèaktif ak dinamik. Kòmanse aprann jodi a epi eksplore enfini posiblite lang pwisan sa a!

Sonje:

  • JavaScript se yon lang esansyèl pou devlopman entènèt modèn.
  • Li fasil pou aprann epi ou ka aplikel pou anpil sistèm.
  • Gen anpil resous ki disponib pou ede w kòmanse.

Ebyen, kisa w ap tann? Kòmanse aprann JavaScript jodi a! Siw ta renmenm kontinye pataje enfòmasyon sa yo pou ou, pataje epi abòne ak chèn youtube mwen an: https://www.youtube.com/@vinaprannakem

Image source: Wikipedia

Kòmantè

Maria Smantha
- 2 hours ago
It is a long established fact that a reader will be distracted by the readable content of a page.
Simona Disa
- 3 hours ago
letters, as opposed to using 'Content here, content here', making it look like readable English.
John Smith
- 4 hours ago
the majority have suffered alteration in some form, by injected humour, or randomised words.