Bay lavi ak machin yo : Ki sa ki yon langaj pwogramasyon?

18 fevriye 2024 by Abdul Kevin Alexis 

Imajine ke ou kapab kontwole machin ki nan antouraj ou, ba yo lòd epi fè yo fè travay konplèks. Se sa langaj pwogramasyon pèmèt! Yo tankou yon pon ki konekte lespri imen an ak entèlijans atifisyèl oubyen enfòmatik, ki pèmèt nou pase lide nou yo ak kòmande òdinatè.

Men, ki sa egzakteman ki yon langaj pwogramasyon?

Poum rezime, se yon seri règ ak enstriksyon ke nou itilize pou bay òdinatè yo lòd. Menm jan yon moun ki pa pale kreyòl bezwen aprann kreyòl poul pale ak yon Ayisyen se konsa ou bezwen aprann yon langaj pwogramasyon pou kominike ak yon òdinatè. Machin yo konprann yon sèl langaj ki se \"langaj machin\" yon sekans 0 ak 1.

Si machin nan konprann 0 ak 1 sèlman, kòman lèzòm fè kominike avèl?

Se rezon sa ki fè gen diferan tip langaj pwogramasyon:

  • Gen langaj ba nivo tankou Assembly ki se yon fason pouw entèprete enstriksyon 0 ak 1 yo ki ekri sou yon fòm ke lezòm konprann.
  • Gen langaj wo nivo ki plis pwòch langaj natirèl ke lèzòm itilize tankou C, Java, Python, eksetera. Langaj wo nivo yo toujou akonpanye ak yon zouti ki transfòme wo nivo a an ba nivo oubyen 0 ak 1.

Poukisa poum aprann yon langaj pwogramasyon?

Langaj pwogramasyon yo ofri yon pakèt posiblite! Avèk yo, ou kapab:

  • Kreye pwòp pwogram ak jwèt ou: Imajine ou bay lavi ak ide ou yo, kreye jwèt oswa pwogram ki rann lavi ou pi fasil.
  • Devlope sit entènèt ak aplikasyon: Entènèt la plen ak sit entènèt ak aplikasyon nou itilize chak jou. Yo tout te kreye ak langaj pwogramasyon.
  • Otomatize travay: Fatige fè travay repetitif? Avèk pwogramasyon, ou ka otomatize travay epi gen plis tan lib pou lòt aktivite.
  • Aprann panse lojikman: Pwogramasyon devlope rezònman lojik ak kapasite pou rezoud pwoblèm.
  • Gen anpil opòtinite nan mache travay la: demann pou pwofesyonèl ki metrize langaj pwogramasyon ap grandi pi plis chak jou.

Ki lang prensipal pwogramasyon yo?

Gen plizyè lang pwogramasyon, yo chak ak karakteristik pwòp yo ak avantaj. Kèk nan pi popilè yo se:

  • Python: Yon lang vèsatil ki fasil pou aprann, ideyal pou moun ki fèk ap kòmanse.
  • Java: Yon lang solid ki gen anpil sekirite, lajman itilize pou devlope aplikasyon entènèt ak mobil.
  • JavaScript: Yon lang esansyèl pou devlopman entènèt front-end, ki pèmèt ou kreye kowòdone entèaktivite ak dinamisite.
  • C++: Yon lang pwisan ak efikas yo itilize pou devlope lojisyèl pèfòmans.

Ki jan yo kòmanse aprann yon langaj pwogramasyon?

Entènèt la plen ak resous gratis pou aprann pwograme. Ou ka jwenn kou sou entènèt, leson patikilye, egzèsis ak kominote pwogramè ki ka ede w.

Gen kèk sit pou kòmanse tankou:

Youtube: https://www.youtube.com

Coursera: https://www.coursera.org/

Udemy: https://www.udemy.com/

W3Schools: https://www.w3schools.com/

Fè premye pa a!

Aprann yon langaj pwogramasyon ka difisil, men li trè rekonpanse tou. Avèk devouman ak pèsistans, ou pral kapab bay lavi ak lide ou epi kreye bagay enkwayab.

kisa w ap tann? Kòmanse pwograme jodi an.

Siw ta renmenm kontinye pataje enfòmasyon sa yo pou ou, pataje epi abòne ak chèn youtube mwen an: https://www.youtube.com/@vinaprannakem

Kòmantè

Maria Smantha
- 2 hours ago
It is a long established fact that a reader will be distracted by the readable content of a page.
Simona Disa
- 3 hours ago
letters, as opposed to using 'Content here, content here', making it look like readable English.
John Smith
- 4 hours ago
the majority have suffered alteration in some form, by injected humour, or randomised words.